RALÉ DÉYÒ
NancieFaustinDolce
あらすじ
Sa se yon istwa konvèsyon. Kwake li grandi nan yon anviwonman kretyen, Grâce te bandonnen levanjil pandan li te yon adolesan. Movè zespri ki soti nan liy zansèt li yo te reklame l. Lwa yo te moute l epi yo te toumante l. Li te oblije kontakte bò ki pa kretyen nan fanmi li. Kidonk, li te ale nan teritwa dyab la e li te ba l kontwòl sou nanm li. Ki Chwa Li Te Fè? Eske Li Te Ale Twò Lwen? An nou pran yon woulib avè l nan vwayaj espirityèl sa a. Dekouvri kijan li te debwouye l nan labirent sa a pandan li t'ap chèche espirityalite. Vin konnen kijan li te debarase l de mechan sa yo. Yo te pèdi pouvwa pou kontwole lespri li ak kò li. Yo pat ka posede li ankò pandan plizyè èdtan jan yo te konn fè a. Li te soti anba priz yo. Li te tounen nan lafwa kretyèn li, epi li te toujou kenbe bon sans li. Men, kouman tou sa te fè fèt? Li te jwenn sa li rele, vrè espirityalite. Kounye a li ranpli ak Sentespri, li ap pataje Pawòl Bondye a. Liv sa a pral ede w konprann ke gerizon espirityèl soti nan Jezi. Ou ka fè menm bagay la pou tèt ou oswa ou ede yon lòt moun soti nan pèlin li pran an.